Sondaj Konsènan Enkyetid pou Sekirite sou Chemen Kominotè yo
Mèsi paske w pran tan pou ranpli sondaj nou an sou pwojè Amelyorayon Sekirite sou Chemen Kominotè yo. Pandan de (2) dènye ane ki pase yo, nou te resevwa yon seri plent nan men manm kominote a konsènan enkyetid yo genyen pou kesyon sekirite a, oswa yo te pataje eksperyans yo te fè anrapò ak konfli, sitou ant itilizatè chemen an ki ap deplase dousman ak sa ki ap deplase rapid yo. Objektif pwojè Vil Somerville genyen pou Amelyore Sekirite sou Chemen Kominotè yo se jwenn yon konpreyansyon global konsènan pwoblèm sekirite a, epi idantifye amelyorasyon ki posib toutolon Chemen Kominotè yo, sitou nan entèseksyon prensipal yo ak nan antre estasyon Liy Vèt yo.
Nou vle konn pwennvi w ! Tanpri, ranpli sondaj 5–7-minit sa a pou ede nou pi byen konprann enkyetid ou yo ak priyorite w pou kesyon sekirite nan zòn nan.
Pou plis detay konsènan pwojè a:
Ou kapab rele nou nan 311 (617-666-3311) si w prefere reponn sondaj la nan telefòn, oswa voye kòmantè w yo pa imèl bay ekip nou an nan transportation@somervillema.gov. Si w vle jwenn enfòmasyon sou pwojè a pa imèl regilyèman, tanpri, abòne sou Monthly Mobility Newsletter.