Ankèt sou Enkyetid konsènan Sekirite nan Transpò nan kad Solisyon Rapid pou Amelyorasyon Sekirite nan East Washington yo
Mèsi dèske w pran tan pou reponn ankèt kominotè nou an sou solisyon rapid pou amelyorasyon sekirite nan East Washington. Vil la planifye pou enstale solisyon rapid pou konstriksyon vwa pwoteje pou bisiklèt ak lòt amelyorasyon atravè nouvo makaj chose, siyalizasyon ak materyèl tankou poto fleksib pou ogmante sekirite sou Washington Street la (apati Tufts Street pou rive nan Limit Vil Boston nan).
Nou vle tande w! Tanpri reponn ankèt 5–7-minit sa a pou ede nou aprann plis sou enkyetid ak priyorite w konsènan sekirite nan zòn nan.
Pou plis detay konsènan pwojè a:
- Tchyeke detay yo sou sit entènèt pwojè a
- analize dyapozitif prezantasyon reyinyon kominotè a (disponib nan lang Anglè)
- gade anrejistreman reyinyon kominotè vityèl ki te fèt mèkredi 20 me 2026 (disponib nan lang Anglè)
Ou kapab rele nou tou nan 311 (617-666-3311) si w pito reponn ankèt la nan telefòn oswa voye fidbak ou yo pa imèl pou ekip nou an nan transportation@somervillema.gov. Si w vle resevwa mizajou regilyèman konsènan pwojè a, tanpri abònen a Bilten Enfòmasyon Mansyèl sou Mobilite a.
