Skip to content
View of Somerville Avenue at Conway Park

Solisyon Rapid pou Amelyorasyon Sekirite sou Somerville Avenue Ankèt Opinyon sou Konsepsyon Preliminè a

Mèsi dèske w pran tan pou pataje opinyon w sou Konsepsyon Preliminè pwojè Solisyon Rapid pou Amelyorasyon Sekirite sou Somerville Avenue an. Nan ankèt sa a, nou vize: 

  • Aprann plis sou reyaksyon inisyal ou sou konsepsyon preliminè an. 

  • Gade si nou abòde enkyetid sou sekirite ak priyorite nou te tande bò kote manm kominote an ete ki sot pase a. 

  • Rasanble enfòmasyon ak kesyon ou genyen sou konsepsyon an. 

  • Aprann plis sou kòman w itilize ri ki nan zòn pwojè a. 

  • Rasanble lide sou kiyès nou touche nan efò sansibilizasyon nou yo. 

Ankèt sa a pran anviwon 5 a 15 minit. Si w poko fè sa, tanpri tchyeke plan deplwaman konsepsyon preliminè an pou aprann plis sou pwopozisyon an. Ou ka tchyeke dokiman sa yo tou pou aprann plis sou konsepyon preliminè ak plis detay: 

Si w pito reponn ankèt sa a nan telefòn, tanpri kontakte nou nan 311 (617-666-3311) pou anrejistre demann ou an epi yon manm Sèvis Mobilite a ap rele w. Ou kapab voye yon imèl tou nan transportation@somervillema.gov si w gen nenpòt kesyon oswa si w pito bay kòmantè w yo alekri. 

Si sa ka ede, nou mete definisyon pi ba a pou kèk nan tèm ki itilize nan ankèt sa a: 

  • Pwojè solisyon rapid pa gen ladan yo gwo konstriksyon tankou ou t a ka wè nan rekonstriksyon konplè yon ri. Nou pa gen opòtinite pou rekonstwi twotwa yo, deplase bòdi twotwa yo, oswa remete kouch sifas ri a. Pou pwojè solisyon rapid yo, nou itilize zouti tankou makaj chose yo, siyalizasyon, chanjman nan limyè trafik, ak poto plastik fleksib pou kreye yon nouvo amenajman ri an. Ou kapab wè egzanp chanjman solisyon rapid nan Powder House Circle ak sou Grand Union Boulevard la. 

  • Vwa pwoteje pou bisiklèt yo separe de trafik oswa pakin pou machin swa avèk yon zòn tanpon ki gen baryè vètikal oswa twotwa ki pi wo pase chose a. Baryè vètikal yo kapab gen ladan yo poto plastik fleksib, bak pou plant, ak bòdi twotwa prefabrike an beton. Nan pwojè solisyon rapid yo, nou souvan itilize poto fleksib. 

1.  

Ki kote w rete? Tanpri chwazi youn. 

2.  

Pa ki mwayen ou deplase jeneralman? Tchyeke tout sa ki aplike yo.  

3.  

Angwo kòman w santi w konsènan konsepsyon ki pwopoze a? Tanpri chwazi youn. 

Maximum 5,000 characters

0/5,000

5.  

Èske w panse nouvo konsepsyon n pral fè w santi w pi ansekirite lè w ap deplase atravè zòn nan nan nenpòt ki mòd transpò? 

Maximum 5,000 characters

0/5,000

Maximum 5,000 characters

0/5,000

Konsepsyon detay fidbak

8.  

Kòm yon pati nan chanjman yo nan Somerville Avenue nan Lowell Street, nou pwopoze opsyon sa yo pou faz siyal pyeton an - gade Afich Lowell Street pou plis enfòmasyon

  • Aktive pa bouton - Siyal pyeton an ap limen sèlman lè ou peze bouton an, sa ki pral diminye tan datant pou moun k ap mache oswa k ap woule.
  • Siyal otomatik - Siyal la ap limen otomatikman chak sik, li ka gen ladan yon tan datant jiska ~45 segonn.

Tanpri pataje opsyon ou prefere a.

Maximum 5,000 characters

0/5,000

10.  

Kòm yon pati nan chanjman yo nan Somerville Avenue nan Lowell Street, nou pwopoze pou ajoute yon liy separe pou vire agoch - gade Afich Lowell Street la pou plis enfòmasyon. Tanpri pataje opinyon ou sou adisyon sa a.

11.  

Kòm yon pati nan chanjman ki fèt nan entèseksyon Somerville Avenue ak Beech Street, n ap pwopoze opsyon sa yo pou diminye konfli ak antre kay Veterans Memorial Rink la – gade Afich Beech Street la pou plis enfòmasyon.

  • Opsyon A: Antre kay ak siyal - Antre kay Rink la gen yon siyal ki vin vèt sèlman lè yo detekte yon machin oswa yon bisiklèt.
  • Opsyon B: Antre kay ki soti adwat sèlman - Machin ak siklis yo ka sèlman vire adwat soti nan antre kay la.

Tanpri pataje opsyon ou prefere a.

Maximum 5,000 characters

0/5,000

13.  

Nan entèseksyon Somerville Avenue ak Park Street la, nou pwopoze opsyon sa yo pou anpeche konfli ant tout mòd transpò yo:

  • Opsyon A: De Etap - Ki gen ladan bwat bisiklèt pou vire pi an sekirite sou Park Street apati Somerville Avenue.
  • Opsyon B: Separasyon Veyikil - Separasyon konplè trafik machin ak mouvman pyeton ak siklis yo.

Tanpri pataje opsyon ou prefere a. (Gade afich Entèseksyon Park Street la pou plis enfòmasyon)

Maximum 5,000 characters

0/5,000

15.  

Kòm yon pati nan chanjman yo nan entèseksyon Somerville Avenue nan Dane ak Granite Street, nou pwopoze chanjman sa yo pou anpeche konfli ant tout mòd transpò yo:

  • Opsyon A: De Etap - Ki gen ladan bwat bisiklèt pou vire pi an sekirite sou Park Street apati Somerville Avenue.
  • Opsyon B: Separasyon Veyikil - Separasyon konplè trafik machin ak mouvman pyeton ak siklis yo.

Tanpri pataje opsyon ou prefere a. (Gade afich Entèseksyon Dane ak Granite Street la pou plis enfòmasyon)

Maximum 5,000 characters

0/5,000

17.  

Pou chak nan blòk sa yo sou Somerville Avenue, ki kalite pakin ou t ap itilize? Tanpri chwazi youn oswa plizyè pou chak blòk. Tchyeke tout sa ki aplike yo. Tanpri gade afich Pakin nan pou plis enfòmasyon.

Craigie Street pou rive Spring Street
Spring Street pou rive Park Street
Park Street pou rive Dane Street
Dane Street pou rive Church Street
18.  

N ap pwopoze chanjman nan arè bis yo sou Somerville Avenue. Tanpri pataje opinyon w sou chanjman yo. Gade Afich Bis la oswa bwochia pou plis enfòmasyon.

Deplase arè ki prale nan direksyon lès nan Lowell Street pi lwen nan lès.
Elimine pè arè bis yo nan Spring Street
Elimine arè direksyon lwès la nan School Street
Deplase arè ki prale nan direksyon lès nan School Street pi lwen nan lès

Kesyon Demografik 

Kesyon ki vin apre yo ede nou pi byen konprann kiyès nou atenn nan. 

19.  

Kòman w te tande pale de ankèt sa a ak/oswa pwojè sa a? Tchyeke tout sa ki aplike yo. 

20.  

Ki jan w idantifye tèt ou selon ras oswa karakteristik kiltirèl ou? Tcheke tout sa ki koresponn yo. 

21.  

A konbyen w estime revni ànyèl moun ki nan fanmi w yo? Tanpri reponn pou tout moun k ap viv nan espas ansanm avèk ou (egz., kamarad chanm). 

Select option

Select option

24.  

Ki laj ou?  

25.  

Ki sèks ou? Tcheke tout sa ki koresponn yo. 

Maximum 255 characters

0/255

27.  

Ki stati lojman w nan Somerville? 

28.  

Èske w idantifye tèt ou kòm yon moun ki andikape (avèk oswa san dyagnostik?