Skip to content
project banner

Ankèt pou jwenn kòmantè sou pase men yo vle fè nan Dizay Ri Tufts la [Haitian Creole]

Mèsi paske w pran tan pou ban nou kòmantè w sou pwopozisyon pase men yo vle fè nan dizay ri Tufts la. Anplis y ap refè wout la ak twotwa yo, Vil la swete fè yon lòt dizay nan ri an pou fè moun k ap vwayaje nan ri an pi an sekirite. Yo deziye Ri Tufts kòm yon wout rezidansyèl nan kad Plan vil Somerville genyen pou gen yon ansanm wout moun ka kouri bisiklèt sou yo san danje. Wout sa yo se wout yo fè pou pyeton ak moun k ap kouri bisiklèt, epitou pa gen anpil machin ki pase ladan l e machin ki pase nan wout sa yo pa kouri ak anpil vitès.  

Apre Vil la te fin jwenn kòmantè moun nan kominote a ann otòn 2023, Vil la te fè yon pase men nan dizay wout la, kote y ap fè wout yo vin pi piti, kèk opsyon pou pakin pou plizyè rezon, twotwa, ranp yo fè nan wout la ki nan menm nivo ak twotwa a pou pyeton ka travèse lari a ak kafou yo, ak nouvo espas pou mete plant ak pyebwa. Dizay wout la genyen fè yo pap mande ankò pou machin yo toujou ap sede pasaj la. 

Pou jwenn plis detay sou dizay la:

Si w bezwen èd pou tradui oswa konprann dokiman sa yo, tanpri rele 311 (617-666-3311) oswa kontakte nou nan www.somervillema.gov/ContactSomerViva. Vil Somerville ka ba ou yon entèprèt gratis.

Nou vle tande kòmantè w! Reponn ak ankèt sa a pou bay kòmantè w sou dizay la. Epitou, ou ka rele nou nan 311 (617-666-3311) si w ta prefere reponn ankèt la nan telefòn, oswa voye kòmantè w bay ekip nou an sou imel nan transportation@somervillema.gov. Si w vle resevwa imel regilyèman sou mizajou konsènan pwojè a, tanpri enskri nan Jounal chak mwa sou sijè ki gen rapò ak transpò ak deplasman.