Skip to content
project banner

[Haitian Creole] Sondaj sou Priyorite Sekirite ak Nou Konsepsyon Transpò Bnan roadway Magoun

Mèsi paske ou pran tan pou bay fidbak ou sou Broadway ant Winchester Street ak Central Street. Meri a ap etidye yon nouvo konsepsyon pou seksyon Broadway sa a pou  li pi an sekirite, pi aksesib, pi dirab, epi pi konfòtab. Nou vle tande avi w sou fason ou itilize lari a jodi a, ki enkyetid ou genyen nan sa ki gen rapò ak sekirite nan zafè transpò, epi ki priyorite ou genyen pou avni seksyon Broadway sa a.  

Tanpri reponn sondaj 5 jiska 10 minit sa a pou bay opinyon ou sou pwochen nouvo konsepsyon Broadway Magoun epi pataje yon ti kras enfòmasyon sou ou pou ede nou pi byen konnen ki moun nou rive sible. 

Si ou vle aprann plis bagay sou pwojè a, tanpri gade materyèl ki annapre yo: 

  • Yon anrejistreman premye reyinyon kominotè a. 
  • Defile prezantasyon premye reyinyon kominotè a. 

Si ou prefere reponn sondaj sa a nan telefòntanpri kontakte nou nan 311 (617-666-3311) pou anrejistre demann ou an epi yon manm nan Divizyon Mobil la ap retounen ou apèl la. Ou kontakte nou nan imèl transportation@somervillema.gov tou si ou gen nenpòt kesyon oswa si ou prefere bay kòmantè alekri.

1ye seksyon: Eksperyans nan lari 

1.  

Kijan ou itilize seksyon sa a nan Broadway? Kwoche tout sa ki aplikab yo. 

2.  

Èske ou itilize seksyon sa a nan Broadway pou ale nan nenpòt nan destinasyon ki annapre yo? Kwoche tout sa ki aplikab yo. 

3.  

Si ou te pase sou seksyon sa a nan Broadway pandan mwa ki sot pase a, kijan ou te vwayaje? Kwoche tout sa ki aplikab yo. 

4.  

Ki senk (5) pi gwo enkyetid ou genyen nan sa ki gen pou wè ak transpò ak seksyon Broadway sa a? Tanpri chwazi jiska senk (5).

6.  

Ki entèseksyon oswa kafou ou santi w mwens an sekirite ladan yo? Tanpri chwazi jiska senk (5). 

7.  

Lè Meri a ap rekonstwi yon ri prensipal, nou evalye ri segondè ki pèmèt antre ak sòti nan ri a pou entèvansyon pou kalme trafik tankou polis kouche. Èske w enkyete w pou vitès nan nenpòt nan ri ki annapre yo? Tanpri chwazi jiska twa (3). Nou pa t mete okenn ri nan Vil Medford ni okenn ri ki gen sèvis otobis MBTA kounye a. 

2yèm seksyon: Priyorite pou Ri a

10.  

Nan ki nivo sa enpòtan pou ou pou Meri a chèche rezoud chak grenn nan sa ki annapre yo lè y ap panse sou chanjman k ap fèt nan seksyon sa a nan Broadway?

Redui vitès.
Amelyore sekirite nan pasaj pou pyeton yo.
Ajoute plis pasaj pou pyeton sou tout Broadway.
Amelyore liy pou bisiklèt yo.
Ajoute plis espas pakin pou bekàn ak/oswa estasyon Bluebike.
Ajoute plis opsyon amenajman tankou ban ak poubèl.
Modifye règlemannan zafè pakin pou mete plis zòn chajman ak espas pakin ki aksesib.
Amelyore estasyon bis yo.
Konbine oswa deplase estasyon bis yo pou diminye reta bis yo.
11.  

Broadway laj ase pou gen espas pou mete yon konbinezon pakin nan ri a ak zòn pou plant yo. Kijan ou ta renmen wè meri a priyorize kantite chak nan resous sa yo pandan y ap devlope konsepsyon konsèp la? Tanpri chwazi youn.

3yèm seksyon: Kesyon Demografik

13.  

Kijan ou te tande pale konsènan pwojè sa a ak/oswa sondaj la? Kwoche tout sa ki aplikab yo.

14.  

Ki kote ou rete nan Somerville? Tanpri chwazi youn.

* required
15.  

Ki jan w idantifye tèt ou selon ras oswa karakteristik kiltirèl ou? Tcheke tout sa ki koresponn yo. 

16.  

A konbyen w estime revni ànyèl moun ki nan fanmi w yo? Tanpri reponn pou tout moun k ap viv nan espas ansanm avèk ou (egz., kamarad chanm). 

Select option

Select option

19.  

Ki laj ou?

20.  

Ki sèks ou? Tcheke tout sa ki koresponn yo. 

Maximum 255 characters

0/255

22.  

Ki stati lojman w nan Somerville? 

23.  

Èske w idantifye tèt ou kòm yon moun ki andikape (avèk oswa san dyagnostik?