Skip to content
project banner
CLOSED: This survey has concluded.

Sondaj pou Pwennvi sou Konsepsyon Broadway Magoun nan

Mèsi dèske w pran tan pou pataje pwennvi w sou Opsyon pou Premye Konsepsyon pou projèt Rekonstriksyon Broadway Magoun nan. Vil la prevwa reyamenaje seksyon Broadway ki twouve li ant Winchester Street ak Central Street. Nou vle jwenn pwennvi w pou ede nou defini oryantasyon konsepsyon an. Nan konsepsyon nou an gen: 

  • Wout pwoteje pou bekàn nan toulede sans 

  • Estasyon bis mobil, avèk kèk anplasman konbine pou diminye reta yo 

  • Pasaj pyeton ki wo 

  • Distans ki pi kout pou travèse 

  • Plas pou plis pyebwa, pakin pou bisiklèt, poubèl, ak ban 

Sondaj la ap pran anviwon 5 jiska 15 minit. Tanpri, egzamine dokiman ki lye ak konsepsyon an pou w aprann plis: 

  • Plan pou Dewoulman Konsepsyon an 

  • Bwochi Opsyon pou Konsepsyon an (disponib an English, Español, Português, 繁體中文, 简体中文, Kreyòl Ayisyen, नेपाली. 

  • Afich pou Jounen Pòt Ouvè 6 Me a (disponib an Anglè) 

  • Yon prezantasyon ekip pwojè a fè (disponib an Anglè) 

Si w prefere reponn sondaj sa a nan telefòn, tanpri, kontakte nou nan 311 (617-666-3311) pou anrejistre demann ou an, epi yon manm nan Divizyon Mobilite a ap retounen w apèl la. Epitou, ou kapab voye imèl nan transportation@somervillema.gov si w gen nenpòt kesyon oswa si w prefere fè kòmantè alekri. Si w vle jwenn enfòmasyon sou pwojè a pa imèl regilyèman, tanpri, abòne sou Monthly Mobility Newsletter.