Ankèt sou Opinyon sou Konsepsyon Konektè Elm-Beacon (Haitian Creole)
Nou remèsye ou paske ou pran tan pou pataje opinyon ou sou Konsepsyon pou pwojè Konstwiksyon Rapid Konektè Elm-Beacon la. Nan ankèt sa’a, nou vize pou:
- Aprann plis sou reyaksyon inisyal ou nan konsepsyon pwojè a.
- Gade si nou te reponn a kèk enkyetid sekirite ak priyorite ke manm kominote yo te fè nou konnen otòn pase a.
- Rasanble tout opinyon oswa kesyon ou genyen sou konsepsyon an.
- Aprann plis sou fason ou itilize kèk ri ki nan pwojè a.
- Rasanble enfòmasyon sou moun nou atenn nan efò sansibilizasyon nou yo.
Ankèt sa’a dire anviwon 5 a 15 minit. Si ou poko fè sa, tanpri konsilte plan travay konsepsyon an pou aprann plis sou pwopozisyon an. Epi tou, ou ka konsilte dokiman sa yo pou ka aprann plis sou konsepsyon an:
- Afich enfòmasyon sou jounen pòt ouvè 10 Mas la
- Prezantasyon anrejistre de ekip pwojè a
- Dyapozitiv prezantasyon anrejistre
- Bwochi konsepsyon an
Si ou prefere pran ankèt sa’a pa telefòn, tanpri kontakte nou nan 311 (617-666-3311) pou anrejistre demand ou an epi yon manm nan Divizyon Mobilite a ap rele ou. Epi tou, ou ka voye yon imèl nan transportation@somervillema.gov si ou gen nenpòt kesyon oswa si ou prefere bay kòmantè ekri.
Nan ka sa ka itil, nou te mete kèk definisyon pi ba’a pou kèk nan tèm yo itilize nan ankèt sa’a:
- Pwojè konstriksyon rapid yo pa gen ladan gwo konstriksyon tankou ou ta ka wè nan yon rekonstriksyon lari konplè. Nou pa gen posibilite pou rekonstwi twotwa yo, deplase liy twotwa a, oswa repave lari a. Pou pwojè konstriksyon rapid yo, nou itilize zouti tankou mak sou pave lari yo, siyalizasyon, chanjman siyal trafik yo, ak poto plastik fleksib pou kreye yon nouvo plan lari. Ou ka wè kèk egzanp chanjman rapid nan Powder House Circle ak nan Grand Union Boulevard.
- Wout viraj yo se liy vire separe ki pèmèt machin yo fè yon vire adwat san yo pa kanpe nèt pou yon limyè wouj nan yon entèseksyon. Nan Somerville, nou gen kèk nan entèseksyon nou an tankou sou Broadway nan direksyon lwès nan McGrath Highway ak sou Somerville Avenue nan direksyon lwès nan Elm Street.
- Ralantisè yo se ti mòn ki fèt ak asfalt ki plase estratejikman nan lari ki pi piti pou dekouraje eksè vitès. Yo souvan mete yo ant 200 ak 350 pye distans pou redwi chans eksè vitès ant ralantisè yo oswa plase yo nan apwòch pasaj pou pyeton oswa entèseksyon yo pou ralanti machin yo tou pre kote moun ta ka travèse. Ralantisè yo nan Somerville gen chevron blan ak bann ki pentire jòn sou yo epi yo mete siyal devan pou avèti moun k’ap kondwi yo.