Ankèt Opinyon sou Konsepsyon Western Pearl Street (Haitian Creole)
Mèsi dèske ou pran tan pou bay opinyon w sou Opsyon Konsepsyon yo pou pwojè Rekonstriksyon Western Pearl Street la. Nan ankèt sa a, nou vize:
- Tande lide pa w sou eleman espesifik nan konsepsyon yo. Konsepsyon yo bay diferan opsyon ki kapab melanje epi ale ansanm nan konsepsyon final k ap vini an.
- Tande rezon ki fè ou pito oswa pa pito kèk opsyon.
- Gade si nou pote repons pou enkyetid sou sekirite ak priyorite nou te tande pale de yo otòn pase a.
- Pran tout kòmantè oswa kesyon ou genyen konsènan konsepsyon an.
- Pran enfòmasyon sou kiyès nou rive atenn an efò sansibilizasyon nou yo.
Ankèt sa a pran anviwon 5 a 15 minit. Si ou poko fè sa, tanpri gade plan konsepsyon yo pou aprann plis sou pwopozisyon an. W ap jwenn deskripsyon opsyon konsepsyon yo pi ba a. Ou kapab gade materyèl sa yo tou pou konn plis detay sou konsepsyon yo :
- Postè enfòmasyon Jounen Pòt Louvri 7 me a ki dekri de opsyon konsepsyon prensipal yo, done nou te kolekte yo, ak opinyon kominote a ke nou te tande yo.
- Yon prezantasyon anrejistre ekip pwojè a.
- Bwochi Opsyon Konsepsyon yo.
Si ou pito reponn ankèt sa a nan telefòn, tanpri kontakte nou nan 311 (617-666-3311) pou anrejistre demann ou an epi yon manm Depatman Mobilite a ap retounen w apèl la. Ou ka voye yon imèl tou nan transportation@somervillema.gov si ou gen nenpòt kesyon oswa si w pito ekri kòmantè w yo.
Opsyon Konsepsyon yo
Opsyon Konsepsyon 1:
- Gwo kafou yo: Blòk Medford Street sou sid Pearl Street la fè yon koub pou li ka pèpandikilè ak pati kote Medford Street ak Pearl Street konekte a. Gen yon nouvo panno kanpe ak yon nouvo pasaj pyeton ki pi wo pase wout la ki ajoute pou travèse Medford Street menm kote a. Wout la fè yon laji bò twotwa a nan kafou Walnut Street la epi toude estasyon bis yo deplase sou lòt bò Walnut Street la.
- Lòt pasaj pyeton ak kafou: Nan Marshall Street, gen yon kafou ki pi wo pase wout la avèk yon nouvo pasaj pyeton ki enstale sou bò lwès Marshall Street. Genyen pasaj pyeton ki pi wo pase wout la pou travèse ri ki vin tonbe sou Pearl Street yo eksepte sou Walnut Street. Genyen pasaj pyeton ki pi wo pase wout la pou travèse Pearl Street nan Bradley Street ak Wigglesworth Street.
- Pakin: Gen opsyon pakin nan zòn nò Pearl Street.
- Enfrastrikti pou bisiklèt: Gen yon koneksyon vwa pwoteje ale-retou pou bisiklèt nan zòn sid la ant Medford Street ak Skilton Avenue pou konekte ak katye Gilman nan. Ant Skilton Avenue ak McGrath Highway, gen yon vwa pwoteje pou bisiklèt nan zòn sid la pou ale nan lès.
- Estasyon bis: Estasyon bis ki bò Pak Pearl Street la deplase sou lòt bò Skilton Avenue an epi twotwa a laji la a pou bay yon espas ki rezève pou pasaje bis yo, yon vwa pwoteje pou bisiklèt pou redui konfli ant bis ak bisiklèt, ak yon espas pou bis yo kanpe sou vwa y ap woule a dirèkteman san yo pa bezwen soti epi retounen sou vwa a. Chak estasyon bis bò Walnut Street la deplase sou lòt bò kafou a.
Opsyon Konsepsyon 2:
- Gwo kafou yo: Twonson Pearl Street ki kwaze ak Medford Street la fè yon koub pou li ka pèpandikilè ak Medford Street kote yo rankontre a, epi gen nouvo pasaj pyeton ki pi wo pase wout la ki ajoute pou travèse Medford Street ak Pearl Street.
- Lòt pasaj pyeton ak kafou: Genyen pasaj pyeton ki pi wo pase wout la pou travèse ri ki vin tonbe sou Pearl Street yo eksepte sou Walnut Street la. Genyen pasaj pyeton ki pi wo pase wout la pou travèse Pearl Street nan Marshall Street, Bradley Street ak Wigglesworth Street.
- Pakin: Gen opsyon pakin nan zòn sid Pearl Street.
- Enfrastrikti pou bisiklèt: Gen yon vwa pwoteje sans inik pou bisiklèt nan zòn nò a pou ale nan lwès apati Medford Street pou rive sou McGrath Highway. Ant Jasper Street ak McGrath Highway, gen yon lòt vwa pwoteje ki sans inik pou bisiklèt nan zòn sid pou ale nan lès.
- Estasyon bis: Twotwa nan estasyon bis bò Pak Pearl Street la laji pou ka bay plis espas pou pasaje yo kanpe , ak yon espas pou bis yo kanpe sou vwa y ap woule a san yo pa bezwen soti epi retouven sou vwa a. Gen yon nouvo estasyon bis flotan sou bò nò a sou Walnut Street la.