Skip to content
project banner

Demann ak Kesyon Sondaj pou Sekirite Transpò Western Pearl Street. [Haitian Creole]

Mèsi paske w konsidere sa epi pataje panse w sou Western Pearl Street (zòn ki genyen ant McGrath Highway ak Medford Street). Vil la gen entansyon repave lari a ak rekonstwi twotwa yo nan pwochen ane kap vini yo. Nan kad inisyativ sa a, nou vle eksplore yon nouvo konsepsyon ki amelyore sekirite chofè yo, pyeton yo, siklis yo, pasaje bis yo ak moun ki sou wou yo. Pataje opinyon w ak panse w sou Western Pearl Street, sekirite transpò piblik, ak enpresyon jeneral ou sou lari a. 

Nan ti sondaj  sa a (5-7 minit), nou tap apresye si w pataje enfòmasyon sou tèt ou epi eksprime opinyon w sou pwojè redesign Western Pearl Street la. Konsènan detay pwojè a:

  • Pou plis enfòmasyon gade sit entènèt pwojè a
  • Gade dyapozitif prezantasyon anglè yo nan reyinyon kominotè a.
  • Gade anrejistreman angle reyinyon kominote vityèl la nan dat 9 oktòb 2024 la.

Epitou, ou kapab rele nou nan 311 (617-666-3311) si w ta renmen reponn ankèt la pa mwayen telefòn oswa voye kòmantè w yo pa mwayen imel bay ekip nou an nan transportation@somervillema.gov. Si, regilyèman, ou ta renmen jwenn mizajou ki genyen pou pwojè a, tanpri enskri nan Jounal chak mwa sou sijè ki gen rapò ak transpò ak deplasman.

1.  

Ki kote ou rete nan Somerville? Tanpri chwazi youn.

* required
2.  

Ki mwayen transpò an jeneral ou itilize? Tcheke tout sa ki aplikab yo.

3.  

Ki jan ou itilize Western Pearl Street? Tanpri chwazi tout sa ki aplikab yo.

4.  

A  ki pwen ou santiw  enkyete  pou sekirite w lè wap itilize Western Pearl Street?

Repave lari a
Rebati twotwa yo
Bay plis espas pou jaden, pye bwa, plant ak vejetasyon
Elaji twotwa yo
Diminye distans travèse
Amelyore sekirite nan pasaj pyeton ki egziste deja
Ajoute plis pasaj pou pyeton nan Pearl Street
Ajoute plis ban ak poubèl nan lari a
Ajoute liy pwoteksyon bisiklèt sans inik oswa toude sans yo
Ajoute plis pakin bisiklèt oswa estasyon Bluebikes
Amelyore eksperyans estasyon otobis la, pa egzanp enstale abri otobis oswa ban
Amelyore fyabilite otobis epi redwi reta
Diminye vitès
Diminye kantite machin kap sikile nan lari a
Diminye kantite machin kap itilize lari segondè yo pou evite wout prensipal yo.
kenbe kèk espas pakin sou wout la.
Ajoute zòn anbalaj siplemantè, fasilite opsyon livrezon ak koleksyon, ak lòt amelyorasyon pou pakin.
Ofri pakin ki aksesib
Diminye kantite fwa moun pakin ilegalman nan zòn ki pa gen okenn pakin oswa sou pasaj pou pyeton yo.
7.  

Pearl Street tèlman etwat sa vin lakòz ke ajoute liy pwoteksyon bisiklèt nan toude sans yo ta vle di retire tout pakin nan lari yo epi limite kapasite pou diminye distans travèse ak ekstansyon twotwa yo. Sa ta vle di tou elaji estasyon otobis yo ak pwolonje twotwa a pou moun ka mache ak monte pi fasil. Nou vle aprann plis sou sa kominote a vle pou lari a epi konsidere chwa nou yo. Nan pwen sa a, tanpri chwazi opsyon ki pi bon pou ou. 

KESYON DEMOGRAFIK 

Kesyon ki vin apre yo ede nou pi byen konprann kiyès nou atenn nan.

10.  

Ki jan w te fè tande pale de ankèt sa a? Verifye tout sa ki koresponn yo. 

11.  

A konbyen w estime revni ànyèl moun ki nan fanmi w yo? Tanpri reponn pou tout moun k ap viv nan espas ansanm avèk ou (egz., kamarad chanm). 

Select option

Select option

14.  

Ki laj ou?

15.  

Ki sèks ou? Tcheke tout sa ki koresponn yo.

Maximum 255 characters

0/255

17.  

Ki stati lojman w nan Somerville?

18.  

Èske w idantifye tèt ou kòm yon moun ki andikape (avèk oswa san dyagnostik? 

19.  

Ki jan w idantifye tèt ou selon ras oswa karakteristik kiltirèl ou? Tcheke tout sa ki koresponn yo.